Enfòmasyon an kreyòl

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Nan zòn sid Florid la, sezon siklòn kòmanse premye jen epi li fini 30 novanm.

Poutèt nou rete nan Sid Florid, nou toujou alapòte malè ki kab rive nou nan ka siklòn. Sa ki pi enpòtan pou tout moun fè pou yo ka kenbe anba siklòn, se bon jan preparasyon. Si w poko fin fè tout preparasyon nesesè pou sezon siklòn nan, fè sa kounye a.

Prepare yon bwat atik espesyal met la depi kounye a pou lè gen siklòn!

Èske w gen ase atik pou direomwen 3 jou(72 èdtan). Omwen, asire ou gen bagay sa yo:

  • Dlo (omwen yon galon pa jou pou chak moun)
  • Manje konsèv (yon kle bwat)
  • Plat katon ak kiyè plastik, fouchèt plastik, kouto plastik
  • Flach ki mache ak pil
  • Radyo a pil
  • Kèk pil an rezèv
  • Yon kit premye swen
  • Lajan kach
  • Medikaman doktè preskri (ase pou 2 semèn)
  • Linèt oubyen linèt kontak
  • Papye ijenik, savon, papye pou netwaye tibebe, atik twalèt
  • Gwo sache plastik pou mete fatra
  • Rechanj rad, gan, bon jan soulye, padesi
  • Dra ak zòrye
  • Kle kay, kle machin, kle batiman
  • Zouti ak kòd, tep, kouvèti plastik
  • Klowòks ki pa gen odè
  • Atik nesesè (pou timoun, pou tibebe, pou granmoun aje, pou bèt kay)
  • Dokiman enpòtan (lisans pou kondi, batistè, papye asirans, dosye medikal, eksetera, mete yo nan yon sache oswa nan yon bwat plastik)
  • Atik nesesè pou sa ki bezwen moun ede yo (pou timoun, pou tibebe, pou granmoun aje, pou bèt kay)

Prezantasyon Biwo ki okipe afè ka ijan sou ki preparasyon popilasyon an dwe fè

Ou kapab telechaje prezantasyon Biwo ki okipe afè ka ijan sou ki preparasyon popilasyon an dwe fè a sou òdinatè w, pou w ka gade l lè w vle. Se depatman sa yo ki prepare prezantasyon sa a: “Fort Lauderdale Fire-Rescue Department and Domestic Preparedness” ak “Emergency Management Bureau.” (N ap tou avèti w sa se yon GWO fichye, l ap pran anpil tan pou l telechaje.)

Free viewers are required for some of the attached documents.
They can be downloaded by clicking on the icons below.

Acrobat Reader Download Acrobat Reader Windows Media Player Download Windows Media Player Word Viewer Download Word Viewer Excel Viewer Download Excel Viewer PowerPoint Viewer Download PowerPoint Viewer