Prekosyon ak delko

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Obsève règleman sekirite sa yo lè w ap sèvi ak yon dèlko a gaz:

  • Toujou suiv konsèy konpayi ki fè dèlko a pou w ka sèvi avè l byen.
  • Toujou enstale dèlko a deyò, yon kote ki byen ayere. Pa janm limen dèlko anndan kay.
  • Pa kite dèlko w mouye nan lapli. Mete l anba yon ti kay ki kouvri si sa posib.
  • Asire w dèlko a byen chita yon kote ki estab.
  • Mete tout bagay ki ka pran dife lwen dèlko a.
  • Pa janm konekte dèlko a dirèkteman nan sikui kay la.
  • Toujou suiv esplikasyon pou antretyen dèlko a pou l ka toujou fonksyone byen.
  • Tcheke luil dèlko a chak jou, oswa aprè chak uit èdtan li fè ap mache.
  • Avan ou remete gaz nan tank la, etenn motè a epi kite l frèt pou omwen de minit.
  • Kenbe gaz la fre. Mete yon estabilizatè nan gaz nan dèlko a si w p ap sèvi ak dèlko a pandan 30 jou oswa plis pase sa.

Dèlko pòtatif yo ka lakòz gwo danje si w pa byen sèvi avè yo. De pi gwo danje yo se: respire lafimen gaz dèlko a epi pran kouran nan ploge dèlko a sou kouran kay la.

Pou w evite anpwazonnen tèt ou ak lafimen gaz:

  • Pa JANM sèvi ak yon dèlko anndan kay oswa nan yon remiz machin ki fèmen.
  • Limen dèlko a deyò sèlman, yon kote ki byen ayere, yon kote ki sèch, ki lwen fenèt kote lè ap antre nan kay la, yon kote ki pa nan solèy epi ki pap mouye nan lapli, sou yon ti galri oswa yon ti lakou kouvri.

Pou w evite pran kouran:

  • Konekte aparèy yo youn pa youn nan dèlko a epi sèvi ak yon ralonj solid ki fèt pou sèvi deyò epi ki ka kenbe chaj dèlko a.
  • Suiv konsèy konpayi ki fè dèlko a pou w ka sèvi ak dèlko a san danje.
  • Pa ploge dèlko a nan priz ki nan mi kay la.
  • Si sa nesesè pou w konekte dèlko a sou sikui kay la, fè yon elektrisyen kalifye fè koneksyon an oswa fè konpayi elektrik la enstale yon sistèm pou jere lyezon an si sa disponib.
  • Toutotan sa posib, evite konekte dèlko a nan sikui elektrik kay la. Okontrè, konekte aparèy ki gen plòg ki fèt pou sa dirèkteman nan priz dèlko a oswa sèvi ak yon ralonj ki solid epi ki ka kenbe chaj la pou w konekte aparèy sa yo dirèkteman sou priz dèlko a.

Pa janm sere gazolin anndan kay ou.

Se pou w sere gazolin, kerozèn ak lòt likid ki fasil pran dife, deyò kote moun pa pase monte desann epi nan galon ki fèt pou sa ki byen make. Pa mete gaz nan galon kristal.