Inondasyon epi asirans

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

car_in_floodYoun nan sa ki lakòz pi gwo dega lè gen siklòn se inondasyon. Men anpil asirans moun gen pou kay yo pa bay pwoteksyon kont inondasyon. Anpil moun ki abite Fort Lauderdale abite nan zòn oubyen pre zòn ki inonde fasil. Poutèt sa, moun ki abite nan zòn sa yo ka pran asirans pou inondasyon oubyen yo ka egzije yo pran kalite asirans sa a. Kòm vil la patisipe nan Pwogram asirans Nasyonal pou Inondasyon an “National Flood Insurance Program (NFIP)” asirans sa a disponib pou tout moun ki abite nan Fort Lauderdale.

Vil Fort Lauderdale pran desizyon patisipe volontèman nan Pwogram “CRS” “NFIP” a sa vle di Pwogram ki plase kominote yo sou yon echèl, poutèt pou moun ki abite nan vil la ka fè rabè sou lajan yo peye pou asirans inondasyon. Kòm vil Fort Lauderdale nan pwogram CRS la, yo fè aktivite ak pwomosyon ki an rapò ak danje nan inondasyon, asirans inondasyon, ak fason popilasyon an ka evite pèdi afè yo nan ka inondasyon. Pou patisipasyon vil la nan pwogram sa a, popilasyon an jwenn yon rabè 15 pousan sou pri yo peye pou asirans inondasyon yo.

Si w bezwen plis ransèyman sou Pwogram asirans Nasyonal pou Inondasyon an oubyen sou Pwogram ki plase kominote yo sou yon echèl la, ale sou sit sa a www.floodsmart.gov oubyen sou sit sa a http://www.fema.gov/national-flood-insurance-program.

Kat FEMA pou Zòn ki konn abitye inonde yo

Moun ki abite Fort Lauderdale kab tcheke Kat Inondasyon FEMA pou wè si zòn pa yo sou kat la sou entènèt nan lè yo klike sou kote ki make “Property Information Reporter.” Make adrès kote ou abite a epi klike sou kote ki make “Go” a.  Seksyon ki bay enfòmasyon sou inondasyon pou kominote a ap ba w tout kalite enfòmasyon sou pwopriyete w la, epi l ap fè w konnen nan ki kategori inondasyon zòn ou an ye.

Ou kab wè Kat Inondasyon FEMA a sou fòma PDF nan adrès entènèt sa a: http://gis.fortlauderdale.gov/AppGallery/map.html?webmap=3b89b8f97bd24bcda277d3b99b8c6754.

Zòn FEMA kategorize kòm zòn inondasyon

FEMA dekri pi ba la a kouman li kategorize Zòn inondasyon yo nan vil Fort Lauderdale la:

  • Zòn A
    Zòn A se zòn asirans kategorize kòm zòn ki konn inonde ki koresponn ak zòn kote se en pou san chans ki genyen pou inondasyon fèt nan zòn sa a dapre Etid pou Asirans inondasyon. Yo sèvi ak metòd estimasyon pou yo fè etid sa a. Yo pa montre okenn Done de baz pou evaliyasyon inondasyon nan zòn sa, paske yo pa fè analiz idowlik detaye pou zòn kon sa. Moun ki gen pwopriyete nan zòn sa a, yo egzije yo achte asirans inondasyon.
  • Zòn AE ak A1-A30
    Zòn AE ak A1-A30 se zòn asirans kategorize kòm zòn ki konn inonde ki koresponn ak zòn kote se en pou san chans ki genyen pou inondasyon fèt nan zòn sa a dapre Etid pou Asirans inondasyon. Yo sèvi ak metòd detaye pou yo fè etid sa a.  Nan majorite ka yo, Done sou wotè dlo a monte, soti nan analiz idwolik detaye yo fè. Yo montre rezilta done sa yo nan kèk pwen yo chwazi nan zòn sa a. Moun ki gen pwopriyete nan zòn sa a, yo egzije yo achte asirans inondasyon.
  • Zòn AH
    Zòn AH se zòn asirans kategorize kòm zòn ki konn inonde ki koresponn ak zòn kote se en pou san chans ki genyen pa ane pou inondasyon dlo plat fèt nan zòn sa a, kote wotè dlo nan zòn nan pa chanje fasil, an mwayèn wotè dlo a ant 1 a 3 pye. Done sou wotè dlo a monte a, soti nan analiz idwolik detaye yo fè. Yo montre rezilta done sa yo nan kèk pwen yo chwazi nan zòn sa a. Moun ki gen pwopriyete nan zòn sa a, yo egzije yo achte asirans inondasyon.
  • Zòn AO
    Zòn AO se zòn asirans kategorize kòm zòn ki konn inonde ki koresponn ak zòn kote se en pou san chans ki genyen pa ane pou inondasyon dlo plat fèt nan zòn sa a (dabitid gen yon fèy ki montre ki valè dlo ki koule sou teren an pant yo) kote an mwayèn wotè dlo a monte ant 1 a 3 pye. Yo montre rezilta done sou wotè dlo a monte an mwayèn nan zòn sa a, nan yon analiz idwolik detaye yo fè. Met sou sa, yo idantifye Zòn AO kòm zòn danje ki egziste lè anpil lapli tonbe sou Kat ki gen lis pri asirans inondasyon an. Moun ki gen pwopriyete nan zòn sa a, yo egzije yo achte asirans inondasyon.
  • Zòn VE
    Zòn VE se zòn asirans kategorize kòm zòn ki konn inonde ki koresponn ak zòn kote se en pou san chans ki genyen pa ane pou inondasyon fèt bò lanmè kote gen plis chans pou gwo vag lanmè kab kouvri zòn nan. Done sou wotè dlo a ka monte, soti nan analiz idwolik detaye yo fè. Yo montre rezilta done sa yo nan kèk pwen yo chwazi nan zòn sa a. Moun ki gen pwopriyete nan zòn sa a, yo egzije yo achte asirans inondasyon.
  • Zòn B, C, ak zòn X
    Zòn B, C, ak zòn X se zòn asirans kategorize kòm zòn ki konn inonde ki koresponn ak zòn ki pa nan kote se en pou san chans ki genyen pa ane pou inondasyon fèt la, epi se zòn ki koresponn ak kote se en pousan chans ki genyen pa ane pou gen inondasyon an mwayèn kote dlo a monte mwens pase yon pye, se kote ki gen en pousan chans pa ane kote an mwayèn ti rivyè dlo lakòz inondasyon kote kanal dlo ki ede inondasyon an soti nan yon distans ki mwens pase 2 kilomèt kare, oubyen se kote yo bati mi pou pwoteje zòn nan kont en pou san chans sa a pa ane pou dlo anvayi zòn nan. Pa gen oken done de baz ki montre ki wotè oubyen ki pwofondè dlo a lè gen inondasyon nan zòn sa a. Moun ki gen pwopriyete nan zòn sa a, yo pa egzije yo achte asirans inondasyon.

Si bezwen plis enfòmasyon sou kouman yo klase zòn inondasyon yo, tcheke sit wèb sa a: https://msc.fema.gov/portal oubyen telefone Biwo Plan nan vil Fort Lauderdale nan 954-828-5203.

Free viewers are required for some of the attached documents.
They can be downloaded by clicking on the icons below.

Acrobat Reader Download Acrobat Reader Windows Media Player Download Windows Media Player Word Viewer Download Word Viewer Excel Viewer Download Excel Viewer PowerPoint Viewer Download PowerPoint Viewer