Preparasyon pou bet kay le gen siklon

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Anvan sezon siklòn nan kòmanse

  • pet_rescueAsire w tout bèt kay ou pran vaksen yo dwe pran. Kote ki gade bèt kay, toujou mande prèv bèt la te pran vaksen.
  • Pote foto bèt kay ou ki resan.
  • Toujou mete yon kolye ki gen idantifikasyon bèt kay ou nan kou li epi toujou met kòd nan kou li pou w ka kontwole l.
  • Mache ak kalòj ki gwo ase pou chak bèt kay ou genyen.
  • Si w gen pou w al mete bèt kay ou a nan yon kote espesyal pou l pare move tan an, fè plan pou w tou pase lage l nan kote sa a pandan w ap evakye a.
  • Si w abite nan yon zòn kote ou dwe evakye, planifye jan w ap evakye a davans epi deplase bonè paske otèl kote moun ka ale ak bèt kay yo chaje rapid.
  • Se yon sèl Abri nan Broward ki asepte moun ki gen bèt kay- se moun ki abite nan zòn ki dwe evakye sèlman ak moun ki abite nan kay yo ka deplase ki gen dwa al nan Abri sa a nan Broward County.
  • Prepare yon bwat ki gen atik nesesè pou bèt kay pandan siklòn, pou chak bèt kay ou genyen.

Bwat ki gen atik nesesè pou bèt kay pandan siklòn

  • Fè yon kalòj oubyen achte yon kalòj ki gwo ase pou w mete bèt kay ou a. Fò l ka vire kò l ladan alèz. Fè bèt kay ou a abitye ak kalòj la anvan sezon siklòn nan kòmanse. Mete yon jwèt nan kalòj la oubyen yon ti goute pou bèt la pase nan bouch li. Kòmanse fè l rete nan kalòj la pou yon ti bout tan, ofiamezi fè l rete nan kalòj la pi lontan.
  • Kòd pou mare bèt la
  • Valè manje pou bèt la pou 2 semèn (manje ki mou oubyen manje konsèv) epi yon kle bwat
  • Dlo
  • Dlo ak plat pou bay bèt manje
  • Gravye pou bèt la poupou ak yon bwat pou mete gravye a
  • Jwèt pou bèt la jwe ak yon dra
  • Ti goute pou bèt manje
  • Nimewo telefòn kote ou ka rele yon veterinè, kote yo ranmase bèt kay, fanmi ak zanmi, si ta gen yon ka ijan
  • Mache ak foto bèt la (pou w ka montre se wou ki mèt bèt la)
  • Mache ak dosye bèt la genyen kay veterinè, ak sètifika vaksen kont laraj epi ak nimewo plak bèt la
  • Tout medikaman ak jan pou pran medikaman sa yo
  • Bagay pou fè netwayaj (jounal, sache plastik, woulo papye napkin, dezenfektan)

Sere tout bagay sa yo nan bwat ki fasil pou pote epi ki pap chire oubyen kraze fasil. Pa sèvi ak sache plastik oubyen sache papye oubyen sak zòrye. Sèvi ak bwat enpèmeyab pou bagay ki ka gate si yo ta mouye.

Pandan move tan an

Bèt kay – Moun ki vle ret lakay yo pandan move tan an

  • Rantre tout bèt kay anndan kay la.
  • Sere detwa vye jounal nan twalèt la, nan remiz machin nan oubyen nan chanm kote ou fè lesiv la pou bèt la fè bezwen li.
  • Pou konsève dlo, bay bèt kay la manje manje ki mou oubyen manje konsèv.
  • Mete bèt kay yo kote ou ka voye je sou yo paske bri tanpèt la ka fè yo pè.
  • Pa janm bay bèt kay ou medikaman pou kalme li. Fò yo toujou kab degaje yo si sa nesesè.

Bèt kay – Moun ki abite nan zòn kote tout moun dwe evakye

  • Fò bèt kay ou toujou gen plak leta ba wou pou met sou li a, sou li.
  • Make nimewo telefòn yon zanmi oubyen yon fanmi ki pa abite nan zòn evakiyasyon an sou yon ti papye epi tache l nan kolye ki nan kou bèt la.
  • Si w dwe evakye, deplase bonè.

Men ki opsyon ki genyen pou ni ou ni bèt kay ou evakye

  • Al lakay fanmi oubyen zanmi ki pa gen pou yo evakye.
  • Al nan otèl kote ou ka desann ak bèt kay. Rezève chanm ou bonè. Si w bezwen yon lis non otèl ak motèl kote moun ka desann ak bèt kay yo telefone Biwo ki pran ka bèt nan Broward County nan 954-359-1313, Estansyon. 227 oubyen tcheke sit wèb sa a:www.sunny.org/hotels/pet-friendly
  • Ale mete bèt kay ou nan yon kote pou mete bèt ki prive ki pa nan zòn pou evakye a. Fè rezèvasyon w bonè. Si w bezwen lis kote sa yo ale nan sit wèb sa a: http://www.broward.org/Hurricane/AtoZ/Pages/AnimalsResources.aspx
  • Lè w ap evakye ale nan abri ki pèmèt ou vin ak bèt kay ou. Poutèt pa gen anpil plas nan kote sa yo, se yon opsyon ou ka chwazi si tout lòt yo pa mache. Nan Broward County se yon sèl abri ki pèmèt moun mennen bèt yo. Se moun ki abite nan zòn ki dwe evakye yo ak moun ki abite nan kay ki sou wou yo ki kapab ale ak bèt yo nan abri sa a. Kontakte Òganizasyon “Humane Society” nan 954-989-3977oubyen tcheke sit wèb sa a www.humanebroward.com si w bezwen plis ransèyman sou kouman ou ka enskri bèt kay ou a davans nan abri ki pèmèt moun vini ak bèt yo.

Apre move tan an

  • Pran prekosyon lè w soti ak bèt kay ou a apre move tan an. Mete kòd nan kou chen yo pou w mache avè yo epi kite chat yo nan kalòj yo.
  • Mache ak bèt yo ak kòd nan kou yo jiskaske yo kab oryante tèt yo. Apre move tan an gen anpil odè bagay ak kèk bagay ki pa menm kote ankò, sa ka dezoryante bèt la epi sa ka fè l pèdi. 
  • Apre yon move tan, bèt yo gen dwa vin yon jan agresif oubyen yo pare pou defann tèt yo – suiv ki jan y ap aji.
  • Moun pa dwe kite bèt yo manje manje ki kontamine oubyen dlo ki kontamine. Si ou pa dwe bwè li, bèt kay ou a pa dwe bwè li tou.
  • Apre yon siklòn fin pase anplwaye biwo ki okipe afè bèt ak lòt moun konn mennen anpil chat ak chen ki pèdi nan Abri pou bèt yo. Si bèt ou a gen idantifikasyon, tankou si l gen yon plak bèt sou li, yon desen oubyen yon mikwotchip, Biwo ki okipe afè bèt la ap kontakte w depi telefòn yo mache. Si bèt kay ou a pa gen okenn idantifikasyon oubyen yo pa kab kontakte w, se wou ki dwe al tcheke nan abri bèt yo. Telefone Biwo ki pran ka bèt yo anvan ou deplase nan 954-359-1313 pou w konn a ki lè yo ouvè apre siklòn nan.