Pandan gen yon avetisman siklon

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Leta pibliye yon avètisman siklòn lè tan an mare pou siklòn – van ki gen fòs 74 mil a lè oswa plis toujou – vini nan lespas 36 èdtan.

  • Kontinye suiv nouvèl lokal pou w ka resevwa nouvo enfòmasyon sou move tan an.
  • Fin fè tout aktivite preparasyon.
  • Fèmen kouran, dlo ak gaz si leta di w fè sa.
  • Fèmen tout pòt ki anndan kay la. Fèmen pòt kay la yo byen fèmen epi bouche yo.
  • Si w ap kite kay ou, deplase bonè, ale ak pwovizyon pou ijans yo ansanm ak bèt kay ou. Pa pase nan wout ki fèmen, wout ki bouche oubyen wout ki gen inondasyon.
  • Fè yon moun ki pa nan zòn move tan an konnen ki kote ou prale.
  • Si yo pase w lòd pou w evakye epi ou pa fè sa, ou riske pa ka antre an kontak ak lapolis, oswa jwenn sèvis ponpye ak sèvis anbilans pou yon bon bout tan.
  • Moun ki rete nan kay mobil yo epi moun ki gen bezwen espesyal yo dwe toujou evakye.
  • Si w p ap deplase kite kay ou, mete tout moun ki avè w, bèt kay ou, ak pwovizyon pou ka ijans yo nan chanm ki pi an sekirite a. Epi rete la jiskaske leta nan zòn nan di w pa gen danje pou nou soti deyò.
  • Sèvi ak flach ki mache ak pil. Pa sèvi ak balèn oswa ak lòt bagay ki gen flanm dife si w bezwen limyè.
  • Pa soti deyò lè w tande van an sispann, se mitan siklòn nan k ap pase, pati sa a toujou kal, move tan an poko fini. Gwo gwo van an ap retounen ankò, fwa sa a y ap soti nan lòt direksyon.