Konsey sou dlo tiyo ak dlo lapli

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Jan yo trete dlo, Distribisyon dlo epi Konsève dlo

  • Sere yon galon dlo pou chak moun bwè pa jou. Sere ase pou twa a sèt jou. Moun ki gen plis nesesite ka bezwen plis dlo tankou (tibebe, timoun piti, moun ki aje, moun ki malad epi bèt kay).
  • Si presyon dlo a ba oubyen yo koupe dlo a pou yon ti tan, pa flòch twalèt yo souvan. Pa lave remiz machin, pa lave machin, epi fèmen tout sistèm pou awoze gazon pou nou ka konsève dlo apre move tan an.
  • Pou evite inondasyon, asire twou ego ki pre lakay ou pa bouche ak okenn fatra, kon sa dlo ap ka desann nan twou ego yo san pwoblèm.
  • Al anrejistre nan sistèm “CodeRED®” nan vil la pou yo ka telefone w pou avèti w lè gen enfòmasyon ijan. Si ta gen yon ka ijan ki gen rapò ak dlo, sèvis dijèn, ak lòt sèvis vil la bay, y ap telefone w tousuit pou yo ba w enfòmasyon ki nesesè. Al enskri sou sit wèb sa a Code Red oubyen telefone nan 954-828-8000.
  • Si w ta wè yon manman tiyo ki kase oubyen ki koule, oubyen yon twou ego ki bouche oubyen moun k ap jete fatra nan kouran dlo ki desann, telefone Biwo sèvis kliyan an pou w mete yo okouran nan 954-828-8000.

Avi pou moun bouyi dlo

Si sistèm pou pirifye dlo a ta pèdi presyon oubyen li ta sispann travay pandan yon sèten tan, Vil Fort Lauderdale kab kominike ansanm ak Depatman sante nan Broward County epi yo ka bay Avi pou moun bouyi dlo yo sèvi. Sa vle di, tout dlo moun ap sèvi pou bwè, pou kuit manje oubyen pou bwose dan, fò yo bouyi dlo a pou omwen yon minit.

Kou yo fin repare sèvis dlo a kote ki te gen pwoblèm dlo yo, Biwo ki reskonsab afè dlo a ap teste dlo a nan zòn ki te gen pwoblèm dlo yo. Sa pran omwen 24 èd tan pou yo fin fè yon tès kon sa.

Avi pou moun bouyi dlo a ap toujou an plas jiskake yo fini ak tout tès yo epi rezilta yo montre kalite dlo a bon ase pou moun sèvi dapre tout estanda yo mete sou plas.

Kou rezilta tès dlo yo aseptab, Vil la ansanm ak Depatman Sante nan Broward County ap bay yon lòt Avi pou moun pa oblije bouyi dlo a, sa vle di pesonn pap oblije bouyi dlo ankò pou bwè, pou kuit manje, oubyen pou bwose dan.

Free viewers are required for some of the attached documents.
They can be downloaded by clicking on the icons below.

Acrobat Reader Download Acrobat Reader Windows Media Player Download Windows Media Player Word Viewer Download Word Viewer Excel Viewer Download Excel Viewer PowerPoint Viewer Download PowerPoint Viewer