Pandan anons pou veye siklon

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Leta pibliye yon anons pou veye siklòn lè gen yon menas siklòn ka rive nan lespas 48 èdtan.

  • Suiv nouvèl lokal pou w kab tande rapò sou deplasman siklòn nan.
  • Sèvi ak volè oubyen ak materyo pwoteksyon pou bouche fenèt ak pòt yo (tcheke www.flash.org pou plis enfòmasyon).
  • Retcheke plan evakiyasyon w genyen an. Asire w wout ou chwazi pou w evakye a, moun kapab pase ladan n. Kèk wout ka fèmen oswa yo ka bloke.
  • Fè sèvis nan machin ou epi plen tank lan gaz.
  • Bagay ki nan lakou a ki pa byen tache, tankou mèb pou lakou, plant, bwat fatra, bwat resiklaj, bekàn ak jwèt, pote yo anndan kay la.
  • Konsève dlo tiyo pou floche twalèt ak dlo pou fè netwayaj.
  • Sere dokiman enpòtan nan bwat ki enpèmeyab.
  • Tcheke pwovizyon ou genyen pou ijans epi mete atik ki nesesè yo nan depo, tankou medikaman doktè preskri ak atik pou moun ki gen bezwen espesyal.
  • Vire bouton frijidè ak frizè lakay ou sou nimewo ki pi frèt la. Ouvè frijidè ak frizè a sèl lè ou gen bezwen, epi fèmen l tousuit.
  • Deploge tout lòt ti aparèy.
  • Mete yon ti kòb apa (gichè otomatik yo “ATM” ka pa mache).
  • Mare bato w byen mare.
  • Pa mete pil fatra deyò lè gen yon anons pou veye siklòn oubyen lè yo avèti siklòn.