Pwoteje batiman w

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print
  • Y ap klete pon yo epi batiman pap ka pase apeprè twazè d tan edmi apre yo fin bay lòd pou tout moun evakye kite yon zòn oubyen depi gen van k ap vante a 40 mil a lè. Sa ka rive swa 23 èdtan oubyen plis pase sa anvan siklòn nan touche tè.
  • sailboatPa janm ret sou batiman w pou w veye l.
  • Wete tout bagay sou batiman an ki ka vole lè siklòn nan kòmanse. Menm ma batiman a vwal yo fò n desann yo tou.
  • Fò n wete tout sa ki enpòtan abò bato a anvan siklòn nan rive, papye bato a, radyo san fil, ak lòt bagay enpòtan ou gen abò bato a. Ou pa janm konnen konbyen tan sa pral pran pou w kab al sou bato w la apre siklòn nan fin pase.
  • Menm si ou fè plan davans, sa pa vle di bato w la pap gen anyen pandan siklòn nan men sa ka amelyore chans bato a pou l pa kraze pandan siklòn nan.
  • Broward County gen yon plan yo rele Plan Flotila, se yon plan ki ede moun deplase bato yo anvan yo klete pon yo pou machin kab evakye.  Si w bezwen plis detay sou plan sa a, tcheke sit wèb sa a:http://www.broward.org/Hurricane/AtoZ/Pages/BoatsBeforeEvent.aspx
  • Ti batiman ki pa bezwen ret tann yo leve pon yo pou yo ka pase, pa bezwen ret tann rasanbleman Flotila a pou yo ale.
  • Lè y ap fè anons sou siklòn nan, y ap fè moun ki gen bato yo konnen a ki lè pou yo vin aliyen bato yo nan Flotila a ak ki kote tout bato dwe reyini.

Si l fasil pou w mete batiman w lan sou yon trelè, pou w sere l yon kote, ki lwen kote gwo dlo ka anvayi, men sa w dwe fè:

  • Si w oblije deplase bato w la, enspekte trelè ou pral mete l sou li a pou asire tout bagay anfòm ladan. Tcheke kawotchou yo (derechanj lan tou), angrenay nan wou yo, tcheke ba fè pou rale trelè a ak limyè nan dèyè trelè yo tou.
  • Si ou kapab, al mete bato w la ak tout trelè a anndan yon remiz. Si w oblije kite bato a deyò, mare l nan yon pyebwa ki solid oubyen nan yon lank batiman ki antere nan tè.
  • Si motè bato a bat pa deyò, plen bato a dlo tiyo epi bouche twou kote bato a jete dlo a (wete tout dlo ki nan bato a si motè a se pa anndan li ye). Mete kèk gwo moso planch ant bato a ak trelè a pou ba l yon ti sipò anplis ak pwa nou mete sou batiman an.

Si w pa kab wete bato w la nan dlo, ou gen twa chwa:

  • KWOCHTE bato a sou yon waf ki gen poto ki solid epi ki kab pwoteje bato a kont lanmè a oubyen kont gwo lam lanmè lè gen siklòn. Double tout kòd ki mare bato a sou waf la, men mare bato a yon ti jan lach pou bato a ka monte ansanm ak dlo a lè dlo a monte. Kouvri tout kòd yo ak pwoteksyon an kawotchou (ou ka sèvi ak po tiyo kawotchou ki koupe sou yon bò epi double l) pou w kouvri kote kòd la ap fwote ak lòt bagay, kote kòd la ka pi vit kase (plis pwoteksyon ou mete sou kòd la plis li pi bon).
  • MOUYE bato a nan yon pò ki ka bare van byen epi kote lank bato a ka byen kwochte atè anba lanmè a. Avantaj ki genyen lè ou mouye bato a nan fon lanmè a, li ka pi fasil balanse ak van an oubyen balanse sou dlo a lè dlo a ap monte desann san l pa frape sou yon waf oubyen frape lòt batiman. Fò w gen lank ki lou epi fò w gen plizyè lank pou bato a epi fò kòd yo long ase pou chak lank yo.
  • KOTE BATO KA KACHE POU SIKLÒN se pi bon kote pou w ta mete batiman w lè gen yon siklòn. Kote sa yo se kote ki fèmen epi ki gen anpil pyebwa solid ki ka bloke van an epi kote ou ka mare bato a byen mare. Pi bon kote pou bato kache pou siklòn se yon kote ki lwen anndan tè kote bato a ka evite pi gwo van siklòn nan ak gran vag lanmè a, epi se yon kote ki pa twò lwen pou al la sizoka ou ta gen pou w al la tousuit. Li ta bon si w ta kòmanse chèche yon kote bato ka kache pou siklòn, davans!

Plan Flotila Broward County

Premye faz

  • Biwo Cherif ki fè patwouy sou lanmè nan Broward County ap avèti tout mèt batiman ki patisipe nan Flotila a pou fè yo konnen pou yo fè preparasyon pou Premye faz la.
  • Ofisye k ap fè patwouy sou lanmè yo ap tcheke si pa gen okenn danje sou dlo a (tankou gwo badj kon sa) epi y ap chèche konnen ki moun ki mèt yo pou fè deplase yo oubyen pou yo mete yo yon kote ki an sekirite.
  • Fò tout mèt bato fè plen tank gaz bato yo anvan yo deplase bato a al mete l nan yon kote ki an sekirite, epi yo dwe sere tout ekipman ki sou pon bato a.

Faz 2

  • Biwo Cherif ki fè patwouy sou lanmè nan Broward County ap avèti tout mèt batiman ki patisipe nan Flotila a pou fè yo konnen pou yo fè preparasyon pou Faz 2 epi y ap sispann aktivite Flotila a 3 èd tan edmi apre yo fin fè Anons pou tout moun evakye.
  • Polis ki fè patwouy sou lanmè nan Broward County yo ap kòmanse aktivite yo nan pwent nò ak pwent sid rivyè ki rele “New River” a pou yo ede fòme kolonn bato a (Flotila a) epi y ap sipèvize aktivite yo tou.
  • Y ap fòme kolonn bato yo – nan zòn nò “New River” nan zòn “Bahia Mar” la ak nan sid “ New River” nan zòn “Pier 66” la.
  • Biwo Cherif ki fè patwouy sou lanmè nan Broward County ap voye ofisye sou wout I-95 ki pase sou dlo “New River” a pou voye je sou kolonn batiman an ki prale nan direksyon wès.
  • Lamarin nan Eta Florid la ap sou stennbay. Se Eta Florid la k ap otorize Lamarin nan eta florid la pou al ede atravè Biwo Santral pou ka ijan yo.
  • Y ap voye Ti bato Gadkòt Etazini U.S. pou dirije batiman ki vle antre nan ran batiman an Ap gen batiman Gadkòt nòmal k ap la tou pare pou yo bay kout men si yo ta bezwen yo.
  • Se Biwo santral dispatch nan Fort Lauderdale la oubyen Biwo Santral ki dirije trafik sou lanmè a k ap reskonsab kominike ak anplwaye sou pon yo.
  • Pandan flotila a ap mache, si yon bato ta pran pàn, y ap remoke bato sa a pou l pa bloke rivyè a. Biwo Santral lamarin k ap fè patwouy la (Marine Command Patrol) ap fè rapò sou bato ki pran pàn nan.
  • Kou Kòmandan Lamarin k ap fè patwouy la remake gen ase batiman ki an ran, l ap bay siyal pou fè yo kòmanse deplase sou rivyè a. Pa gen okenn orè espesyal pou gwoup batiman yo (Flotila a) kòmanse deplase.

Fen Flotila a

  • Y ap kanpe tout aktivite Flotila a 3 èd tan edmi apre yo fè anons pou tout moun evakye a. Kon sa y ap ka klete tout pon yo pou machin ka pase.
  • Cherif ki fè patwouy lamarin nan Broward County ap mete tout moun ki patisipe nan aktivite Flotila a ki lè yo dwe sispann tout aktivite yo.
  • Biwo Santral ki reskonsab pou aktivite ijan nan Broward County ap kontakte Gadkòt pou mande l fè bese tout pon yo epi klete yo.
  • Biwo Patwouy maritim yo ap kontinye fè patwouy jiskaske van siklòn fè yo antre al pare move tan an.

Si w gen bato nan Broward County epi ou bezwen plis ransèyman sou planifikasyon pou w fè lè gen siklòn ale sou sit wèb sa a: http://www.broward.org/Hurricane/AtoZ/Pages/BoatsBeforeEvent.aspx.

Free viewers are required for some of the attached documents.
They can be downloaded by clicking on the icons below.

Acrobat Reader Download Acrobat Reader Windows Media Player Download Windows Media Player Word Viewer Download Word Viewer Excel Viewer Download Excel Viewer PowerPoint Viewer Download PowerPoint Viewer