Ki sa siklon ye?

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

francesYon siklòn se yon kalite tanpèt twopikal, se non yo bay move tan ki gen yon presyon ki ba e ki fèt jeneralman nan zòn twopikal yo. Siklòn mache ak gwo van tanpèt; nan pati nò glòb tè a, siklòn mache ak van ki pase byen ba tou pre tè a, van sa yo vire tou won epi yo ale nan sans kontrè zegui revèy.

Men ki jan yo klase siklòn twopikal yo:

  • Depresyon twopikal - Yon move tan byen òganize ki fèt ak nyaj, gwo van tanpèt; li gen yon wonn nan mitan l, van ki nan wonn sa a gen fòs 38 mil a lè oswa mwens pase sa.
  • Tanpèt twopikal - Yon move tan byen òganize ki fèt ak gwo van tanpèt; li gen yon wonn nan mitan l, pi gwo van nan wonn sa a gen fòs 39-73 mil a lè.
  • Siklòn - Yon move tan twopikal ki fèt ak gwo van tanpèt ki fò anpil; li gen yon espas tou won byen detèmine, pi gwo van ki ladan gen fòs 74 mil a lè oswa plis.

Pawòl ki an rapò ak siklòn

wilma-013Sezon siklòn - Epòk nan ane a ki gen yon bon kou siklòn. Sezon siklòn nan zòn Atlantik, zòn Karayib ak nan Gòf Meksik la kòmanse premye jen epi li fini 30 novanm.

Echèl siklòn Safi-Senmsonn - Yo klase siklòn yo pa kategori dapre fòs van ki ladan yo; yo sèvi ak Echèl siklòn Safi-Senmsonn nan. Yon siklòn kategori 1 gen pi piti fòs van, alòske yon siklòn  kategori 5 gen pi gwo fòs van. Kategori sa yo konn pa vle di anyen, paske pafwa tanpèt ki nan pi piti kategori yo kapab fè pi gwo dega pase tanpèt ki nan pi gwo kategori yo. Sa depan ki kote yo pase ak ki kalite danje yo pote. An reyalite, tanpèt twopikal ka lakòz gwo dega e yo kapab touye moun, sitou akòz inondasyon.

Tanpèt twopikal – van ki gen fòs 39 a 73 mil a lè
Siklòn kategori 1 – van ki gen fòs 74 a 95 mil a lè
Siklòn kategori 2 – van ki gen fòs 96 a 110 mil a lè
Siklòn kategori 3 – van ki gen fòs 111 a 130 mil a lè
Siklòn kategori 4 – van ki gen fòs 131 a 155 mil a lè
Siklòn kategori 5 – van ki gen fòs 156 mil a lè oubyen plis pase sa

Anons pou veye siklòn - Yon anons ki fèt pou kèk zòn bòdmè byen detèmine pou fè konnen siklòn ka pase nan zòn sa a nan apeprè 48 èdtan.

Avètisman siklòn - Yon avètisman yo bay lè siklòn – van ki gen fòs 74 mil a lè oubyen plis pase sa – ka pase nan kèk zòn bòdmè byen detèmine nan lespas 36 èdtan oubyen pi bonè toujou. Yon avètisman siklòn rete an vigè lè toujou gen dlo lanmè ki moute twò wo ki melanje sitou ak gwo lanm byen wo, menm si van yo ta gen mwens fòs pase fòs siklòn.

Anons pou veye tanpèt twopikal - Yon anons ki fè konnen yon tanpèt twopikal oubyen tan an mare ase pou tanpèt twopikal menase kèk zòn bòdmè jeneralman nan lespas 48 èdtan.

Avètisman tanpèt twopikal - Yon avètisman ki fè konnen van ki gen fòs ant 39 a 73 mil a lè ki mache ak tanpèt twopikal ka pase nan yon zòn bòdmè byen detèmine nan lespas 36 èdtan oswa pi bonè toujou.

Anons pou veye toubiyon - Yon anons yo fè lè tan an move ase pou toubiyon leve yon zòn oubyen tou pre zòn sa a. Toubiyon yo kab tout gwosè toudepan jan tan an ye. Dabitid, yo fè anons pou veye move tan yo pou yo dire 4 a 8 èdtan. Nòmalman, yo toujou anonse yo byen bonè anvan move tan an rive. Lè gen yon anons pou veye toubiyon, tout moun dwe tcheke regleman ki di ki prekosyon yo dwe pran e yo dwe pare pou yo deplase ale yon kote ki pwoteje si move tan an ap pwoche.

Avètisman toubiyon - Yon anons yo fè lè rada detekte yon toubiyon oubyen lè moun k ap veye toubiyon yo wè youn k ap vini; alò, moun ki nan zòn konsène a dwe al pran refij tousuit. Yo kab bay yon avètisman toubiyon kit te gen yon anons pou veye toubiyon an vigè kit pa t gen yon vèy toubiyon an vigè. Dabitid, avètisman toubiyon fèt pou yo dire apeprè 30 minit.

Anons pou veye inondasyon/debòdman dlo - Yon anons pou fè tout moun konnen jan tan an mare a ak jan l ap vin pi move toujou. Move tan sa a ka pote inondasyon oubyen debòdman dlo nan zòn konsène a oubyen ozalantou zòn sa a. Men yo pa fin sèten si ap gen inondasyon toutbon vre ni si sa p ap pran tan pou gen inondasyon.