Preparasyon pou siklon

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

ICE-ArrivalMoun ki gen bezwen espesyal se moun ki gen pwoblèm sante ki pa kalifye pou yo ale nan yon Abri piblik Lakwawouj Ameriken dirije poutèt kalite pwoblèm sante yo genyen an. Sizoka ta gen yon siklòn, Broward County ap dirije yon Abri pou moun ki gen bezwen espesyal pou moun ki kalifye ki rete nan yon zòn kote tout moun dwe evakye.

Si ou panse ou kalifye pou w al nan Abri pou moun ki gen bezwen espesyal yo, fò w telefone pou w anrejistre anvan move tan an rive nan Biwo Moun ki aje ak Veteran lame a nan 954-357-6385 oubyen TDY 954-357-5608 pou moun ki soud ak moun ki bèbè.

Abri pou sa ki bezwen moun ede yo, kaPAb resevwa:

  • Moun ki bezwen lòt moun ede yo pran medikaman yo. Fò yo vin ak medikaman yo nan Abri a.
  • Moun ki bezwen lòt moun ede yo ak tib yo enstale nan kò yo, swa pou yo poupou, swa pou pipi swa pou pran medikaman, swa pou manje oubyen bwè.
  • Moun ki oblije pran kèk prekosyon nan aktivite yo mennen chak jou, san sipèvizyon yon anplwaye medikal oubyen ak yon ti kout men yon anplwaye medikal sèlman.
  • Moun ki gen pwoblèm medikal ki pa fin estab nèt epi ki merite yo voye je sou yo.
  • Moun ki oblije pran oksijèn yon lè kon sa.
  • Moun ki pa ka fè bezwen yo poukont yo paske yo gen yon pwoblèm medikal epi yo gen yon moun avè yo k ap pran ka yo.

Abri pou sa ki bezwen moun ede yo, PA kaPAb resevwa:

  • Moun ki nan chèz woulant ki pa ka sot sou chèz la pou y al sou kabann oubyen nan twalèt san pa gen moun pou ede yo.
  • Moun ki suiv tretman ki mande pou gen elektrisite 24 sou 24 pou yo kab jwenn tretman.
  • Moun ki pa ka al fè bezwen yo poukont yo ki pa gen moun avè yo.
  • Moun ki soufri maladi Alzaymè.
  • Moun ki pa ka viv san è kondisyone 24 sou 24.

Moun ki andikape

Moun ki andikape ap oblije deside si pou yo kite kay yo ak ki kote pou yo ale lè gen ka ijan. Koute konsèy dirijan lokal yo. Deside si sa pi bon pou w kite zòn nan, al desann kay yon zanmi oubyen ale nan yon Abri piblik.

Moun ki bezwen oksijèn nan boutèy pou yo ka respire

Moun ki bezwen oksijèn nan boutèy tanzantan pou yo ka respire, Lakwawouj ak kèk Abri espesyal ap ka resevwa yo, men fò moun sa yo pote yon boutèy oksijèn pòtatif ki plen oksijèn. Lakwawouj ak Abri espesyal yo pap ka pran moun ki oblije pran oksijèn tout tan. Si w oblije pran oksijèn pou w respire, tcheke ak kote ki pote oksijèn nan ba wou a pou w konnen si yo gen plan pou ka ijan.

Pasyan ki suiv tretman Dyaliz

Pasyan ki suiv tretman dyaliz dwe kontakte doktè yo oubyen sant kote yo al fè tretman dyaliz la tousuit pou yo fè aranjman kouman yo pral kontinye suiv tretman dyaliz yo oubyen ki sa yo dwe fè an ka pa ta gen kouran pandan plizyè jou.

Moun ki resevwa swen sante nan yon kay oubyen lakay yo

Si w malad epi se lakay ou yo vin pran swen ou, kontakte doktè ou pou w mande l sa l ta sijere ou fè. Si se nan yon kay espesyal y ap pran swen ou, kontakte kote ki reskonsab pou pran ka w la pou w konnen si yo gen yon plan pou wou pou lè gen siklòn.

Moun ki merite atansyon medikal espesyal

Si se yon seri aparèy ou depann pou w ka ret anvi oubyen si w oblije sèvi ak aparèy medikal ki mande kouran, fè aranjman pou w deplase al lòt kote bonè sizoka yo ta anonse siklòn. Moun ki malad anpil, ak sa k toujou bezwen èd lòt moun dwe kontakte kote k ap ba yo swen sante a oubyen telefone Biwo ki reskonsab afè moun ki aje ak veteran lame nan Broward county (Broward County Elderly and Veterans Services Division) nan 954-357-6385 oubyen TDY 954-357-5608 pou moun ki soud ak sa ki bèbè.