Siklon – Enfomasyon prelimine

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Danje ki nan siklòn yo vin sou divès fòm: lanm/grantmare tanpètgwo van/van fòtoubiyon, ak inondasyon. Li enpòtan pou moun peyi a konprann chak danje sa yo epi sonje yo lè y ap fè preparasyon pou ka dezas.

Gwo vag lanmè move tan pote

Gwo vag lanmè move tan pote - Gwo vag lanmè move tan pote se sa ki ka lakòz plis moun mouri pandan siklòn. Gwo vag lanmè move tan pote se dlo fòs van k ap fè viwonn yon tanpèt pouse al sou bòdmè a. Lè gwo vag lanmè move tan pote melanje ak chanjman nòmal nivo lanmè a ansanm ak lapli van pote, sa kapab fè nivo dlo lanmè a moute rive wotè ki kab fè gwo dega sou plaj, nan lari, sou kay ak lòt bagay tankou wout oswa pon ki enpòtan anpil. Lè nivo dlo a moute kon sa, li kab lakòz move inondasyon nan zòn bòdmè yo, sitou lè marewot tanpèt la lakòz la parèt menm lè ak marewot nòmal. Kòm bon kou nan bòdmè peyi Etazini ki gen anpil moun rete ladan yo sou bò Atlantik la ak nan Gòf la pa rive 10 pye pi wo pase nivo lanmè, danje ki nan marewot yo gwo anpil.

Inondasyon nan zòn lwen bòdmè

Inondasyon nan zòn lwen bòdmè - Anplis grantmare tanpèt, van fò ak toubiyon, siklòn konn lakòz inondasyon nan zòn lwen bòdmè. Anpil fwa, pami tout danje ki gen nan tanpèt, se inondasyon ki kab touye plis moun. Ant lane 1970 ak lane 2000, inondasyon nan zòn lwen bòdmè lakòz plis moun mouri nan siklòn pase gwo vag lanmè move tan pote.

Anpil anpil dlo lapli pa gen rapò dirèk ak vitès van ki nan yon siklòn. An reyalite, kèk nan pi gwo lapli ki mache ak move tan twopikal, vin ak tanpèt twopikal ki pi fèb, ki deplase pi dousman (1 mil a lè jiska 10 mil a lè) oubyen k ap vire an plas sou yon zòn. Akòz kantite dlo lapli yon tanpèt twopikal ka bay, tanpèt twopikal kapab lakòz menm kantite dega ak yon siklòn kategori 2.

Inondasyon zòn lwen bòdmè kapab tounen yon gwo danje pou moun ki lwen zòn kote yon siklòn oubyen yon tanpèt twopikal premye touche tè. Gwo move tan twopikal sa yo pote gwo dlo lapli ki kab lakòz inondasyon ki fè anpil dega.

Pwogram nasyonal asirans inondasyon an (ann angle “The National Flood Insurance Program”) se yon pwogram pou prepare moun anvan dezas pou rediksyon inondasyon ak pwoteksyon asirans. Pwogram nasyonal asirans kont inondasyon rann li posib pou moun ak mèt biznis resevwa asirans gouvènman federal la kore. Pou plis enfòmasyon, rele 1-888-CALL-FLOOD estansyon 445; nimewo pou moun ki gen pwoblèm tande se 1-800-427-5593, oubyen tcheke sit wèb http://www.fema.gov/national-flood-insurance-program

.

Gwo van/Van fò

Gwo van/Van fò - Yo klase siklòn dapre fòs van ki mache ak yo. Dapre Echèl Siklòn Safi-Senmsonn nan, yon siklòn kategori 1 gen van pi lejè lè n ap konpare yon siklòn kon sa ak tanpèt ki nan lòt kategori yo. Yon siklòn kategori 4 ka gen van ki gen fòs ant 131 ak 155 mil a lè. Dabitid, moun konn toujou atann yon siklòn kategori 4 fè dega 100 fwa plis pase yon siklòn kategori 1. Toudepan sikonstans yo, tanpèt ki pi fèb yo ka toujou gen ase fòs pou yo fè dega, sitou nan zòn kote moun pa t prepare davans yo.

Van ki gen fòs siklòn ka fasil detwi bilding ki pa byen bati yo ak kay mobil yo. Debri tankou ansèy, materyo ki kouvri kay, ak ti moso planch ak ti moso tòl moun kite nan lakou yo, kab vole pati ak anpil fòs pandan yon siklòn. Siklòn ka detui anpil pyebwa, bilding byen wo, poto limyè, sistèm distribisyon dlo ak kab ki pase anba tè (lè gwo van derasinen pyebwa).

Toubiyon

Toubiyon - Siklòn kapab kreye toubiyon ki vin ajoute sou fòs li genyen pou l fè ravaj. Gen plis chans pou toubiyon fèt nan pati devan adwat yon siklòn. Men, anpil fwa yo konn kache lòt kote nan bann lapli, byen lwen mitan siklòn nan. Gen siklòn ki sanble yo pa menm kreye toubiyon, alòske gen lòt ki kreye anpil. Lè w pran dega toubiyon kapab fè met sou dega gwo van ki gen fòs van siklòn, ki al blayi sou anpil gwo zòn, se pa ti kras dega.

Aktyèlman, pa gen okenn mwayen pou moun prevwa egzakteman ki tanpèt ki pral soulve toubiyon oubyen ki kote toubiyon sa yo pral touche tè. Nouvo sistèm rada yo rele Dòplè a ede kapitèn meteyo yo anpil anpil pou yo kab bay bon jan avètisman. Men dabitid, teknoloji a senpman bay yon ti kras tan jiska 30 minit pou moun aji. Se sa k fè preparasyon enpòtan anpil.

Kat ki montre zòn evakiyasyon yo ak kote moun kapab al pran refij nan Fort Lauderdale, Broward County - Moun ki rete nan zòn ki fon oubyen tou pre dlo ki kapab soulve lanm, yo dwe al chache refij yon lòt kote si kondisyon tan an pèmèt sa. Tout moun ki rete nan kay mobil dwe evakye nan Plan A ak B. Met sou sa, leta ka pase moun ki rete nan kay mobil yo lòd pou yo evakye si kondisyon tanpèt twopikal la yo pèmèt sa fèt.

Broward County Emergency Shelter Map 2015

Home

Free viewers are required for some of the attached documents.
They can be downloaded by clicking on the icons below.

Acrobat Reader Download Acrobat Reader Windows Media Player Download Windows Media Player Word Viewer Download Word Viewer Excel Viewer Download Excel Viewer PowerPoint Viewer Download PowerPoint Viewer