Konsey sou sevis dijyen

Share & Bookmark, Press Enter to show all options, press Tab go to next option
Print

Anvan move tan an

  • Fò w konnen a ki lè kamyon fatra abitye pase. Ou kab jwenn enfòmasyon sa a sou sit wèb vil la nan adrès sa a: https://gis-it.fortlauderdale.gov/property_info/.
  • Depi yo lanse yon avi pou fè konnen siklòn nan pa twò lwen, sèvis dijèn ap sispann ranmase fatra.
  • Pa mete ni gwo fatra ni fatra ki soti nan lakou nou deyò lè yo anonse siklòn oubyen lè yo fè yon avètisman pou yon siklòn, oubyen lè yon siklòn prèske rive nan zòn nan.
  • Chak ane pandan sezon prentan, netwaye pye bwa yo, netwaye plant yo byen netwaye.
  • Wete tout pyebwa ki mouri, tout branch ki sèch, tout sa ki chèch sou pye kokoye ak pye palmis, tout kokoye ki chèch, anpile yo pou kamyon fatra pase pran yo anvan sezon siklòn nan kòmanse.
  • Sere tout bourèt ak tout bwat yon kote in an sekirite pou van pa pote yo ale epi mare yo byen mare.
  • Pami atik ou prepare mete la an ka gen siklòn, pa bliye mete yon sache plastik pou met fatra pami atik sa yo.

Pandan move tan an

  • Sèvis dijèn ap sispann tout aktivite li lè gen siklòn.
  • Mete tout fatra nan sache fatra epi fèmen yo byen fèmen pou w jete yo, kon sa w ap ka evite salte nan kay la.
  • Prepare w pou w sere fatra nan sache pandan plizyè jou nan kay la.
  • Pa bliye mete bagay ki ka resikle yo apa.
  • Koute radyo ak televizyon pou w kab konnen sa dirijan nan vil Fort Lauderdale yo ap fè.

Apre move tan an

  • Atann ou a kèk chanjman nan orè sèvis dijèn are yon siklòn.
  • Mete tout fatra ou genyen nan sache plastik, mare yo byen mare jiskaske sèvis dijèn rekòmanse travay.
  • Nan gwo fatra n ap jete, wete tout bagay ki gen glas ladan yo tankou fenèt, pòt ak miwa epi mete yo apa, pou evite tout traka
  • Mete tout fatra yo yon kote ki fasil pou ranmase yo, pa mete yo pre machin, pre kloti kay la, ak pre fil kouran yo.

Si w bezwen plis ransèyman

Si w bezwen plis ransèyman sou kote y ap distribiye atik moun bezwen, ki lè y ap ranmase fatra, kondisyon sikilasyon an, wout ki fèmen, anons yo fè pou prekosyon moun dwe pran, ak lòt enfòmasyon enpòtan, telefone Biwo vil Fort Lauderdale la nan nimewo telefòn espesyal pou ka ijan nan 954-828-8888. Tout anons yo anrejistre. W ap ka jwenn tout enfòmasyon sa yo anvan siklòn nan, pandan siklòn nan epi apre siklòn nan sou pòs radyo vil Fort Lauderdale la nan 1610 AM, sou televizyon a kab nan kanal 78 ak sou sit entènèt vil la.

Pou w avèti otorite yo sou gwo dega ou wè, tankou manman tiyo ki koule oubyen ki kase, tou ego ki bouche, wout ki bloke, pye bwa ki tonbe, oubyen lòt kalite pwoblèm, tanpri telefone Biwo ki o sèvis popilasyon an 24 sou 24 nan 954-828-8000.

Free viewers are required for some of the attached documents.
They can be downloaded by clicking on the icons below.

Acrobat Reader Download Acrobat Reader Windows Media Player Download Windows Media Player Word Viewer Download Word Viewer Excel Viewer Download Excel Viewer PowerPoint Viewer Download PowerPoint Viewer